Kijan pou’w konfigire Trustwallet pou Binance Smart Chain
Setting up your wallet for Binance Smart Chain
Etap 1 : Telechaje, kongire epi asire w ke app trustwallet ou a jou. Siw poko gen App la, Al li atik sa : https://berkhosconsulting.com/kijan-pouw-enstale-konfigire-trustwallet/
Etap 2 : Sonje pou konsève pou fraz bakòp ou yo.
Etap 3 : Ale nan wallet la, chwazi kwenn lan epi peze resevwa pou jwenn adrès la.
Etap 4 : Siw pa wè Kwennn/Tokenn ou bezwen an nan lis an. Al aktive li.. pouw fè sa ou prale nan kwen anlè adwat .. Klikle sou ti imaj ki jis aprè ” collectibles ” la…[li gen 2 liy you chak gen gen ti 2ti won] Epi aktive kwenn/tokenn ou vle yo…
Atansyon : BNB ki pou BSC an se li menm li Jòn e Nwa aa
Etap 5 : Mete kwenn BEP20 nan wallet ou. Fason ki pi fasil pou fè sa a se avèk Binance, men plen lot exchange kotew ka ht kwenn BeP20 tou. Toujou sonje lè wap retire yon coin sou yon “Exchange Platform” pouw voyel sou trust wallet .. ffok ou verifye ke w chwazi bon rezo a ki se BEP20.

Etap 6 : Lè w fin resevwa tokenn /kwenn BEP20, Yap moutre’w yon lyen bsc scan kotew ka al gade tranzakasyon an. Ou ka jwenn lyen saa depi nan kote wap retire kob la pou w voyel sou trustla. Lyen saa ap pemet ou we nan ki nivo tranzaksyona n ye. naan ki blok li pase eksetera . Ou kapab kopye epi serye lyen saa si w gen pouw moutre on moun li .

Konekte ak Dapps yo sou trustwallet
Etap 1 :
- Siw sou Android
- Wap jis gade anba nan ekran akèy trust wallet ou an , wap wè 4 ti imaj (icons), Klike sou sou sa ki gen 4 ti kawo a .. sa ki make “Dapps” la .
- Wap wè lis dapps yo, waap ka klike sou nenpòt ladan yo. Si w pa wè dapp ou bezwen aan lis lan. jis tape lyen an li an nan espas rechèch la. Eseye pancakeswap, yeildwatch, oubyen venus.
- Lè dapp lan finn ouvè. Verifye 2 bagay :
- Ou sou bon rezo a : Ale nan kwen anlè adwat la epi chwazi logo jònn e nwa BSC a.
- Wallet ou konekte : Si gen yon kote ki ekri ” connect wallet” klike sou li epi wap tou konekte
- Siw sou IoS (iPhone/Ipad)
- Al gade video ke m fè sou sa pouw ka konnen kijan pouw itilize trustwallet menm si dapp browser a pa la ankò. [Chapit 4 – Bonis]

—————————————————–