Kijan pou’w enstale / Konfigire TrustWallet ( Sou Telefòn)
Etap 1 – Cheche / enstale trustwallet [disponib sèlman sou telefòn]
- Chèche tustwallet sou Google epi klike sou sit ofisyèl yo a

2.Ou ka ale dirèk sou :
Etap 2 – Ouvri TrustWallet
Lè w fenk ou app la, ou pral nan ekran ki anba a ki se pati kote ou ka “Kreye yon nouvo wallet” oswa “Enpòte” yon ansyen wallet ki deja egziste. Pou atik sa a, nou chwazi Kreye yon nouvo Wallet

Etap 3 – Aksepte Regleman pou Itilizasyon
Pou kontinye, w ap tcheke bwat ki vle di kew konprann epi dakò ak kondisyon itilizasyon yo
Si ou pa dakò ak kondisyon pa tcheke bwat la, ou pap ka fini konfigire wallet la tou. Kidonk jeneralman ou oblije thcke bwat la pouw ka kontinye.

Etap 4 – Anrejistre oubyen sere on kote sekrè fraz sekirite yo
Sa a se pati ki pi enpòtan nan atik sa. Ou dwe ekri Fraz rekiperasyon ou yo yon kote sekrè . Li rekomande pou w ekri yo 3 fwa epi mete yonankote ki diferan. konsa siw bliye on kote ou pap bliye lot yo. Epi tou fok touletwa kote sa yo sekrè
-
Ekri mo sekirite sa yo nan lòd ke yo baw yo an
-
Ekrri yo nan 3 dokiman separe, Epi mete yo chak nan yon kote sekrè
-
Pa bay okenn moun mo sa yo?
-
Siw pèdi yo ou pèdi ttout sa ki nan wallet ou an tou. Ou pap jaanm ka jwenn yo ankò
-
Tape sou Kontinye pou w anvanse


Etap 5 – Verifye mo sekirite ke yo te baw yo
Si ou swiv Etap 4 la kòrèkteman. Wap jis mete mo yo nan lòd ki kòrèk la epi klike sou kontinye lè ou fini.


Etap 6 – Wallet la finn konfigire
Apre ou fin ale nan pwosesis la backup ak verifikasyon an, paj akèy wallet la parèt. Se ekran an walllet prensipal la [wap ka kreye plizyè wallet nan menm app saa]. Ou pral wè yon lis kwenn/token yo. wap ka kòmanse mete lajan sou wallet sa


Kreye lot wallet epi Pèsonalize yo
Ou ka kreye anviwon 15 wallet epi ba yo chak la on non diferan pou’w ka sonje yo pi fasil. Wap jis ale nan ” setttings” epi apresa tape sou ” wallets” epi tape sou siyy “+” la. Pa plibye chak wallet ou kreye ap gen mo sekirite pa li. Kidonk wap bezwen fè etap 4 ak 5 lan pou yo chak.
